Yon gwoup nan kongrè Ameriken an deklare ke yo pa ka kite Ayiti somalize

86
0
Share:

FLORID__(TRiboLAND) Kèk manb nan kongrè ameriken pa kache nan yon deklarasyon konjwent pweokipasyon avèk amètim yo sou enfòmasyon kap vinn jwenn yo soti Ayiti. Kongrès fanm ak gason majorite repwezantan Leta Florid la, deklare depi kèk jou manifestasyon pa sispann miltiplye e yo wè se yon peyi kap depafini e ki nan yon eta dijans.

Plizyè nan ofisyèl eli Etazini sa yo fè eta de lejitimite vag pwotestasyon yo; men estime vag vyolans ki akonpanye pwotestasyon sa yo inasèptab.

Konsa, nan mitan dram sa-a, nan oken ka ofisyèl ameriken, Alcee Hastings (D-FL), Barbara Lee (D-CA), Darren Soto (D-FL), Debbied Murcarsel Powell (D-FL), Donna Shalala (D-FL), Frederica Wilson (D-FL), Kathy Castor (D-FL), Lois Frankel (D-FL) ak Val Demings (D-FL) deklare ke yo pa ka kite Ayiti somalize anba je yo. Ki donk, yon gwo reyinyon pwevwa fèt nan mwa Jiyè-a nan Florid kote ki pwal reyini plizyè sitwayen ak defansè ayisyen nan diaspora-a, ofisyèl ayisyen ak ameriken ak anpil lòt aktè konsène yon manyè pou pwan doleyans e mete soupye stratejik ki kapab fasilite ranfòsman Etadedwa ak sosyete sivil nan peyi-a e ki dwe fèt nan enterè tout ayisyen.

Share:

Leave a reply