Nódwès-Basenble: Yon polisye ki pote non Jhonny Brucette, mouri Basenble anba bal endividi yo pa rive identified, pandan wikenn nan

81
0
Share:
TRiboLAND

Li te Samdi 06 Juiyè 2019, bò midi konsa, lè 2 nèg abò yon motosiklèt te fè va anndan Komisarya Basenble a kote yo rive rale zàm sou yon polisye ki pote non Brucette Johnny ki limenm se natif natal Basenble.


3 polisye ki te kantone anndan komisarya a, lè wè sa te oblije met van nan vwèl yo. Johnny Brucette, enspektè polis la, te resevwa 3 bal; transpòte dijans nan lopital Gonaïves, depatman Latibonit, e se la li rann dènye soupi l, apwè yon entèvansyon chirijikal.

Nap raple, se pa premye fwa, jan de zak sa yo repete nan komenn Basenble. Pa twò lontan, yon gwoup nèg ak zàm te rantre nan yon KÈS Koperativ nan Basenble kote yo te touye yon ajan sekirite, answit pati ak resèt jounen an.

Nan moman nap pale la, popilasyon Basenble-a an boulvès apwè lanmò polisye Johnny Brucette, yon polisye ki pa janm mele nan zafè moun, selon temwanyaj popilasyon Basenble a.

Wiskis Saint Jean, TRiboLAND

Share:

Leave a reply