Nòdwès/Bonbadopolis: Gen enjistis pase entijistis

95
0
Share:
TRiboLAND


BONBADOPOLIS__(TRiboLAND) Madanm Ynacil Villard, yon zèv ki natif natal Bonbadopolis mete 2 men nan tèt pou mande jistis pou pitit gason-l, Radius Djeffly ke bandi Bonbadopolis detwi lavi 22 Jwen ki sot pase la.

Djeffly ki te genyen 21 lane, te toujou bwiye nan tout lekòl li pase. Admi nan filo Segondè 4, elèv la jwenn lanmò sa-a nan moman li tap patisipe nan veye tonton-l, nan yon moman diskisyon te pete bò yon machinn ki tap debake moun pou veye-a. Konsa, malfwa simaye katouch, vwala ke Djeffly arive pwan yon katouch e mouri tèt nèg pandan li tap eseye achte yon ju.

Konsa, jouk jounen jodi-a pa gen anyen ki montre ke Madanm Ynacil Villard aje 51 lane pwal jwenn jistis ak otorite Lajistis yo nan Pòdpè. Dapwè fanmiy victim nan. Ki donk, nan chèche jistis nan Pòdpè, mizè kalamite manman defen-an ta pwal ogmante lòske avoka kap defann asasen yo mete ak konplisite konmisè gouvènman Pòdpè-a, Me Jean Bellamin Volney te deside fèmen malerèz sa nan gadavi. Se pa premye fwa jistisyab yo nan depatman Nòdwès-la, victim yo toujou jwenn enjistis double oubyen triple fwa nan al chèche ti moso jistis nan vil Pòdpè.

Konsa, sa ki te pi rèd! Madanm Villard te oblije peye 5000 goud pou liberasyon-l; anplis li ta sanble pa vle fè twòp deklarasyon anrejistre akoz menas li menm ak tout rès pitit mari-l mouri kite nan men-l yo kontinye ap resevwa anba bouch bandi yo.

Se pa pwemye fwa moun ki plase pou bay jistis yo ap komèt krim souk rim ki okazyone nan fè rakèt ak je fèmen! Se reyèlman lawont ak endinyasyon pou yon vèv ak 6 timoun nan men-l oblije fèmen nan gadavi e arive peye 5000 goud ankò paske lap tante tradwi yon seri kriminèl devan Lajistis.

Jacob Bendallahm, TRiboLAND

Share:

Leave a reply