Sena Ayisyen vote yon pwopozisyon lwa sou konpa pou ranfòse valè kiltirèl lakay

Finalman genyen yon bust ou yon stati ke yo pwevwa erije pou Nemours Jean-Baptiste kòm fondatè muzik ayisyen ki rele Konpa-Dirèk-la. Se ayè Madi-a, Sena ayisyen an vote yon pwopozisyon lwa ki pwal konsakre mwa Jwiyè kòm mwa “Konpa”.
Majò jon pwopozisyon lwa sa-a ki se Senatè Garcia Delva, e alafwa yon chantè supèsta ayisyen, vle leve konpa dirèk-la nan yon dimansyon patrimwànn nasyonal. Menm jan anpil lòt peyi valorize bagay lakay yo avan tout lòt. Anplis de sa, nan konfòmite ak leta ayisyen, lwa sa sigjere plizyè sant fòmasyon muzik konpa-a sou tèritwa nasyonal-la.
Biro Senatè Gracia Delva pat manke felisite kòlèg li yo nan Sena-a pou pozisyon favorab yo fas yon parèy pwopozisyon, e ankouraje Chanm Depite-a pou fè menm bagay nan lide pou bay jarèt a ratifikasyon pwopozisyon lwa sa li kwè kap reyeiman mete yon bemòl nan vale ak idantite kiltirèl nou.






