Nan Casa de Campo ak nan Punta Cana, Bill Clinton ap byen menen anba “Mamajuana”

108
0
Share:
TriboLAND

La Romana__(TRiboLAND)  Ansyen Pwezidan Etazini-an, Bill Clinton ap byen mennen kote ke l’ap vakansyone nan Repiblik Dominikènn nan. Pwèske plizyè zònn touristik li vizite yo, se pwèske aktivite tankou danse mizik merengue ki se yon janr kontanporen ki trè repite atravè lemon, “ Tomando Mamajuana”.

Nan yon video kap fè lavironn monn nan, montre pwezidan an ap tande bann mizikal ki rele “perico ripiao” e li rejwenn plizyè koup marye ki tap danse nan yon lòt anbyans nan Punta Cana kote ke yo tap woule anba “Mamajuana”, yon bwevaj Dominiken ki trè popilè e ki afrodisyak (ki satouyèt dezi seksyèl moun).

Antouka sepa premye fwa ansyen lokatè Maison Blanche an vizit nan peyi panyòl, espesyàlman nan Campo and Punta Cana, zònn ki pat egziste lè li te konn chwazi Ayiti kòm destinasyon touristik li, sitou pou linn de myèl mariyaj li.

Konsa tou, anpil moun estime ke Bill Clinton arive fè visit sa se nan kad pou jere biznis li nan bay sèktè touris la jarèt pou arive kalme espwi vizitè yo ki konplètman dezenterese akoz plis pase yon douzènn touris Ameriken ta mouri nan sikonstans ki reyèlman biza nan Repiblik Dominikènn.

credit photo: https://dominicantoday.com/dr/tourism/2019/07/22/mamajuana-bill-clinton-does-casa-de-campo-punta-cana/

Share:

Leave a reply