Nan kad ankèt sou asasinaj Me Ogino Jérome, Polis Nasyonal Dayiti entèpele plizyè sispèk nan Sen Lwi Dinò

94
0
Share:
TRiboLAND

SEN LWI DINO__(TRiboLAND) Dieudonné Jacques, Lorama Emmanuel ak Edson Richlieu te subi entèwogatwa anba men Lapolis nan yon operasyon sere kole ant Lapolis avèk Lajistis jodi 9 Dawou-a 2019 nan vil Sen Lwi Dinò.

Endividi sa yo ki ta sanble gen men yo tranpe nan lanmò Me Ogino Jérome malfwa inyoran te krible ak bal nan dat 27 Jwiyè pase-a pandan ke viktim nan tap jwe bezig ak kèk zanmi.

Sispèk nan asasinaj Me Ogino Jérome
Sispèk nan asasinaj Me Ogino Jérome

Antouka, ankèt yo ta sanble yo pwan jarèt e kenbe tou zonbi zanmi ki tap jwe bazig avèk mèt la. Yon sous otorite jidisyè ta konfime bay TRiboLAND ke efektivman mesye yo entèpele yo se eleman sispèk krim nan. Yon lòt sous tou rapòte bay TRiboLAND ke responsab leta yo egalman ta kenbe tou madanm Ogino Jérome kòm kwa li ta dèyè asasinaj mari-a sou pwetèks se Ogino ke yo di ki te touye yon fwè madanm lan.

Share:

Leave a reply