Pòdepè: Miz an akizasyon se yon veritab teyat ak jwèt timoun piti pou fè tan pase selon Pastè Jean Claude Thervil.

Pòdpè__(TRiboLAND) Moun pa bezwen li nan gwo liv pou wè peyi Dayiti pa gen chans ak dirijan li yo. Pou sèten, Ayiti se yon manman bèf, lè depite, senatè, Prezidan ak tout gouvènman piyajè yo bezwen rale manmèl. Jounen jodi a, nèg sa yo tèlman souse manmèl bèf sa-a, se zo ak po a sèlman ki rete. Anpil sitwayen avize fè-n konprann, peyi Dayiti pa gen chans ni ak pwòp pitit li yo kap jwe marèl ak makrèl sou do-l pou dechèpiye-l, ni ak peyi zanmi-l yo kap manniganse anba e anba ak pwòp pitit peyi a menm pou debaba ak vòlò tout richès li yo (lò, kiuv, iranyum…) pou ale ak yo nan peyi yo answit lage tout moun toutouni.

Dosye Miz an akizasyon kont Chèf Leta-a Msye Jovenel Moïse, sou inisyativ depite yo nan opozisyon an, venn konfime sa n sot di la yo.
Pou Rev. Pastè Jean Claude Thervil, yon sitwayen ki gen anpil repitasyon, anpil renome nan depatman Nòdwès la, dosye Miz an akizasyon sa-a, se yon veritab teyat, jwèt timoun pitit pou fè tan pase pwiske MANMAN LWA peyi Dayiti, pa trase okenn pwosedi pou lè yap mete yon Prezidan an akizasyon. Pastè Jean Claude Thervil, rapousib pou di “se yon wont pou Depite ak Senatè sa yo kote se lajan pèp la kap peye yo alòske yo pa janm rive fè anyen pou retire mas pòv sa-a kap anfonse pi plis nan mizè ak malsite”. Selon Lòm de Dye a, “se toujou ak dilatwa pou yo rive regle yon bagay serye pou popilasyon an tandis ke majorite nan yo se avoka ak ansyen komisè gouvènman”.
Gen dòt ki felisite depite akizatè yo pou kouraj yo. Nan yon chanm depite kote se ak lajan pou rive nonmen oswa revoke yon Premye Minis (PM), depite akizatè sa yo pa t ap janm jwenn chans devan depite anganman sa yo ki te deja gen anba grif yo: motosiklèt, sak diri ak lajan Ameriken.
Gen yon pwovèb Ayisyen ki di: “Lajan fè chen danse”. Depite majoritè yo gen memwa kout pwiske yo gentan bliye Masak Lasalin nan, gaspiyaj Fon Petwokaribe a kote non Prezidan Jovenel Moïse site 69 fwa nan rapò Kou Siperyè dè Kont lan, dosye Dèmalòg, Bandi ak kidnapè ki achte peyi sa-a lajan kontan ak konplotaj ak 7 mèsenè yo te depeche nan peyi a pou venn etènn souf pèp ayisyen an kap reklame depa Msye Jovenel Moïse sou pouvwa kote jis jounen jodi a pouvwa-a pa janm bay pèp la eksplikasyon.
Antouka, pou kèk obsèvatè, si tout zak nou sot site la yo, pa sifi pou trennen douvan Lajistis oswa mete Jovenel Moïse an akizasyon, tout moun te mèt pati kite peyi Desalin nan pou mouche sa-a yo rele Jovenel Moïse la!
Saint Jean wiskis, TRiboLAND






