Jeffrey Epstein touye tèt li pandan li dèyè bawo

105
0
Share:
TRiboLAND

Selon yon sous otoritè, miltimilyonè Jeffrey Epstein ki te dèyè bawo akoz gwo poban akizasyon trafik seksyèl pandye sou tèt li, ta sanble touye tèt li. Nèg rich la ki te nan Sant Koreksyonèl Metropolitènn Nou Yòk, pann tèt li jodi Samdi maten an vè 7:30 am nan selil li.

Se te nan kòmanseman mwa Jwiyè-a ke Epstein te jwenn arestasyon li, epi lè sa li te twouve-l dèyè bawo apwè ke li te fenndeklare li pa koupab de tout latriye akizasyon pwosekitè federal Nou Yòk yo ki repwoche-l pou aktivite trafik seksyèl konbyen douzènn ti lesanj fiyèt ke kèk nan yo gen laj 14 lane. Jeffrey

Epstein mouri nan laj 66 lane; yon lanmò kifèt yon jou apwè yon tribinal federal nan Nou Yòk ouvè yon anvlop ki genyen plizyè santènn rapòt abi seksyèl ki enplike Epstein.

Share:

Leave a reply