Katastwòf nan peyi Tannzani: yon kamyon sitènn eksploze e plis pase 60 moun fè vwèl pou peyi san chapo

Yon kamyon sitènn eksploze ayè Samdi-a nan peyi Tannzani okazyone lanmò 60 kretyen vivan ak 70 blese gravman grav. Yon bilan ki tèlman iritan ke pwezidan tannzanyen an, John Magufuli oblije dekrete 3 jou dèy nasyonal.
Dràm nan pase ayè maten sou youn nan pwensipal otowout peyi-a nan lokalite Msamvu nan periferi Morogoro, yon vil ki lokalize a 200 km Lwès kapital-la, Dar es Salaam. Yon gwo kamyon sitènn pwa lou ranvèse nan trese lèl pou evite yon motosiklèt taksi (boda-boda). Konsa, gaz gaye alòske abitan yo tap tante apwovizyone gaz pandan ke dife marye ak lò nwa-a ki konplètman transfòme an yon viritab katastwòf.
Minis chaje Dafè-a pou palmantè yo, Jenista Mhagama ki tap pwan lapawòl maten-an sou plizyè chènn televisyon lokal, deklare ke antèman viktim yo tap demare nan apwè midi sepandan li enpòtan pou bay fanmiy efekte yo tan pou idantifye pwòch yo. Kant a viktim ke moun pwèske pa ka idantifye, minis lan kontinye pou-l di ke yo konte fè tès ADN pou yo.
Nap raple ke Jwiyè pase, menm ensidan sa te pwodwi tou nan Nijerya alòske 45 moun te pèdi vi yo e 100 lòt te blese nan menm sikonstans lan.






