Etazini: Yon Kandida repibliken denonse “rasis” lakay Donald Trump

Nan yon meeting jodi Dimanch 11 Dawou-a nan Eta Iowa, kandida repibliken Bill Weld pa amenaje bouch li lòske li deklare ouvètman ke pwezidan Eta Tèt Kole yo, Donald Trump se pi gwo papa rasis ki fè plizyè tantativ pou divize peyi-a nan divès fason.
Kandida Bill Weld ki vle kanpe an fas Donald Trump nan pwimè repibliken yo pou pwochenn eleksyon 2020 yo, denonse ak tout fòs li rasis pwesidan ameriken an ki ta vle di fen pati konsèvatè ameriken an.
Bill gen nan plan li pou peye anplwayè ki pa byen touche yo epi tou defann anviwònnman an e inifye tout Ameriken yo. Kandida gen 74 lane sou tèt li e li se ansyen gouvènè Massachusetts. Bill pa gen twòp chans pou fè fas gwo machenn electoral Donald Trump lan ki deja jwenn benediksyon total tout pati repibliken atravè 97% entansyon vote yo.
Bill alète pati repibliken an pa denonse vye pwatik rasis Trump yo, yo riske victim de yon defèt ratibwazaj nan eleksyon 2020 yo. Konsa, li estime ke pwezidan Trump gen men li tranpe nan san apwè fiziyad El Paso-a nan Tekzas ki te okazyone lanmò 22 moun weekend pase. Bill kontinye pou-l di ke manifès rasis kriminèl la yo jwenn nan, pa lòt bagay sinon ke yon enspirasyon ki danse kole ak diskou Trump yo.
“Wi mwen enplike Donald Trump espesifikman nan fiziyad El Paso-a, e mwen ta vle ale pi lwen poum di li kontribye an majè pati nan tout fiziyad kap fèt yo”, dapwè kandida Bill Weld ki te nan yon meeting elektoral nan Des Moines nan Eta Iowa.
Credit Photo: Evan Vucci/AP/Shutterstock






