Yon prezime gwoup bandi remèt CNDDR 4 zam ak yon senkantènn katouch

110
0
Share:

Pòtopwens, Site Solèy__Prezime gwoup bandi ame nan Site Solèy ki gen alatèt li Micanord deside volontèman ayè 12 Dawou 2019 pou remèt Komisyon Nasyonal Dezameman ak Demantèlman e Reyensèsyon (CNDDR) plizyè zam avèk katouch.

Nan okazyon seremoni an, youn nan manm komisyon CNDDR la, Msye Jean Rebel Dorcenat te pwan parawòl anprezans divès notab, responsab ak òganizasyon sosyàl ki natif natal komenn Site Solèy, kote li estime ke kantite zam ki remèt yo pa mache kole ak reyalite dega ak ensekirite moun ap viv; sepandan, li konsidere volonte gwoup pwezime bandi sa kòm yon zak senbolik ki vle sove lavi moun nan bidonvil sila.

Nan moman sa, Msye Dorcenat te pwofite voye yon pennga bay lwejanboje kap vann ilegalman oubyen founi zam ak minisyon bay gwoup bandi ame anndan peyi-a. Li mande yo pou yo pwan ti kal konsyans patriyotik pou sove lavi moun.

Seremoni an te dewoule soup Wàf Jeremi. Responsab CNDDR yo te resevwa 4 zam avèk diferan kalib san konte yon senkantènn katouch, pandan yo koutinye ap manda lòt zònn nan antouraj yo pou yo fè menm wout ak gwoup bandi Micanord ap dirije-a.

Share:

Leave a reply