Florid: Plizyè milye anployè konpayi elektrisite deja mobilize pou atake pwoblèm blackout tou swit apwè siklònn Dorian

Miami__(TRiboLAND) Plizyè ekip konpayi elektrisite gentan antisipe dega menm avan Dorian yon fason pou kouri re-etabli sistèm enèji elektrik ki ta andomaje. Ekip sa yo ki soti nan plis pase 34 eta peyi Etazini ki mare sosis yo avèk peyi Kanada, deja tou pare tou limen pou restore enèji atravè eta Florid la.
Ki donk nan aksyon pwehanptiv sa, genyen apepwè 5,000 anployè elektisite ki kanpe anbandisyon nan Wildwood nan zònn Nòdwès Orlando. Dapwè FPL (Florida Power Light), 2,000 ladan yo gen pou plase nan diferan lokasyon stratejik nan zònn santral Florid e pare pou nenpòt entèvansyon ki gen pou wè avèk restorasyon kouran.
Apwè siklònn, pwosesis restorasyon kouran an chita sou yon baz pwiyorite ki kòmanse sou: sant sante tankou lopital, òganizasyon oubyen batiman piblik ak enstans gouvènmantal e finalman yo demare ak restorasyon rezidansyèl nan diferan kominote.






