Plis pase 30 moun ta disparèt apwè yon bato komèsyal pwan dife nan Sid Kalifòni

125
0
Share:
TRiboLAND

KALIFÒNI__(TRiboLAND) Plis pase 30 moun ta disparèt jodi maten Lendi 2 Sèptanm 2019 apwè yon bato plonjè komèsyal ki pote non “Conception” 75 pye pwan dife nan zònn kotyè Sid Kalifòni, dapwè otorite depatman ponpye nan Kontre Ventura ki ta fè eta gwo dega fatal, men yo poko ka konnen ki kantite.

Gàd Kot Etazini fè eta Lendi maten de 33 moun ta disparèt. Byen bone nan maten, Kaptènn Brian McGrath nan depatman ponpye pou Kontre Ventura rapòte 34 moun ta disparèt. Nou sove apepwè 5 moun e pami yo genyen kaptènn bato an.

Sepandan, yon pòtpawòl pou depatman ponpye pou Kontre Santa Babara, Mike Eliason twit ke bato a te pwan dife pandan li te mouye lank li nan lil Santa Kwuz ki localize bò zònn kotyè Santa Babara.

Yon pòtpawòl pou Gàd Kòt, Mark Barney deklare bay news repòtè ke senk moun ki sove yo se te manm ekipaj la ki te gentan echape dife a paske yo te tou pwe anlè tèt bato, dapwè Barney. Sovetè yo te wè yo e sove yo e finalman bato-a plonje.

Gàd Kot nan yon twit deklare key o te mobilize pwèske tout asèt yo pou wè si yo te ka sove plis pase 30 moun ki te an detrès.

Share:

Leave a reply