Ratman gaz kreye gwo tansyon nan Pòtopwens

105
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Kapital peyi Dayiti leve anba gwo tansyon ou boulvèsman sanzatann jodi Lendi 2 Septanm 2019 lan akoz ratman gaz. Lafimen, flanm dife, kawoutchou, gwo pil wòch, ak flanm barikad se sa ki pat manke pwèske nan plizyè kwen nan kapital la, Pòtopwens. Zònn tankou Petyonvil, Lalu, Kafou, Tijo, Pòtay Lewogann, Delma ak nan Sant Vil la pou nou site sa yo sèlman, yo tout te pwan nan fyèv pwotestasyon.

Mouvman “pap padap” sa li pwan tout moun san zatann e li vize gwo chabwak machann petwòl yo ki pa sispann kreye pètibasyon politik ak pwi gaz la san konte mache nwa fas a yon leta koupyon ke yo achte lajan kontan. Anplis, leve kanpe sa tou lye avèk konpòtman pwopwietè ponp gazolenn yo ki pwefere vann pwodwi petwolyè yo an gwo (nan droum) avèk ti zanmi ak moun pa ki venn anpeche ti malere chofè ou chofè moto ak lòt moun endividyèl jwenn yon ti konngout.

Se te reyèlman yon mobilizasyon sovaj pou te paralyze sikilasyon an nan zònn metwopolitènn nan.  Anpil nan pwotestatè yo lonje dwat jouda sou gouvènman ki ta sanble pa ta wont ap teste teren an yon fason pou arive moute pwi gaz la nan moman yon antre lekòl ki deja yon kochma e enposib pou tout moun.

Paralèlman, Dirèktè Jeneral Bureau de Monétisation des Programmes d’Aide au Développement (PMPAD) te deja anonse pou weekend nan antre 2 kagezon ki evalye a 258 bari petwòl. An nou pa fèt tèt nou iluzyon, leta pa egziste nan peyi sa lontan pou nou pa di gouvènman; se depi lontan boujwa siryen salòp ak mèt ponp yo ranplase leta-a, moute pwi pwodwi petwolye jan yo vle e itilize gaz la kòm zam pou afebli pèp souveren ak swadizan gouvènman ki anpeche yo souse san.

Pwatik pou pwefere vann gaz an gwo ak lòt moun pou kontwole mache-a ak moute pwi gaz la se krim kotidyen pwopwietè ponp gazolenn yo komèt pwèske nan tout kwen peyi-a anba je yon leta kap trepase. Tèlman, pa gen leta; Sen Domeng pafwa travèse lizyè pou vinn achte gaz la pi bon mache nan peyi Dayiti. Se sèten wap jwenn vòlè apatrid prefere vann yo an gwo pito.

Share:

Leave a reply