Michael Jordan bay yon donasyon 1 milyon dola nan kad pou remanbwe Bahamas apwè dega ouwagan Dorian yo

Nan yon twit pòtpawòl Michael Jordan nan, Estee Portnoy fè sòti jodi Madi 10 Septanm nan, Jordan deklare ke li santi-l “devaste” lè lap gade ki kantite dega ouwagan Dorian fè nan Bahamas.
Ansyen jwè basketbòl byen koni-a ajoute ke “kè li rete atache ak tout moun Bahamas kap soufwi ak tout sa yo ki pèdi yon manm nan fanmiy yo”.
Jordan ki genyen yon pwopwiete nan Bahamas espere ke asistans li bay la, pwal kapab ede nan kad pou remanbwe Bahamas anba sitiyasyon katastwofik sa.






