Ayiti kontinye ap desann nan lanfè akoz kòripsyon nan tout 3 pouvwa yo

Anpil apse a konmanse ap pete youn apwè lòt an fonksyon de yon seri deriv ki kontinye ap denonse nan Sena ayisyen an ki kontinye ap plonje nan lanfè.
Li difisil pou jwenn 2 moun sou 10 anndan peyi Dayiti ki kwè nan Sena kò mafya avèk gang sa ki se youn nan kansè ki mete peyi-a nan yon eta non retou. Sèjousi, se rat kay kap manje kay pay; senatè ap denonse senatè sou vòl, asosyasyon malfektè, kòripsyon enstisyonalize kè pòpòz ki kontinye ap fèt je fèmen ap miltipliye.
Revelasyon senatè Grandans lan sou demi milyon dola ameriken ke yo ofwi plizyè senatè pwòch pouvwa-a an echanj vòt pou ratifikasyon Premye Minis Fritz William Michel. Anpil sitwayen pa etone denonsyasyon ak defeksyon kap fèt la! E yo rete kwè anpil salte gen pou sòti deyò toujou.
Pwezidan Jovenel Moise ki endekste nan plizyè zak kòripsyon, pa menm fè pwèv de yon leadership 2/10; konsa, deriv fè tèt kole ak kretinism kontinye ap efondre nasyon an nan labou, san nou pa bliye konplo zak asasinaj manm gouvènman ki enplike nan aktivite zak masak Katye Lasalenn nan. Yon lòt kote, senatè e depite ap lonje dwat jouda sou lòt kòlèg yo kap benyen ragagann nan kòripsyon san jamè jwenn minòt demokrasi.
Li enpòtan pou nou konpwann, sa kap fèt la, se jou kap konte pou fos kouch iminan an fèt akoz absans lòd, stabilite, ak lapè sosyal ki esansyèl pou bon fonksyònnman pwimè yon sosyete.
Pwezidansyèl, Lejislatè, Majistrati sou latè se yon seri pozisyon nòb e louab ke moun respekte nan rès monn lan; sepandan, nan peyi Dayiti tout pozisyon yo aladriv e nenpòt moun (vòlè, inyoran, gangstè, dilè dwòg, atis ki danse toutouni, pwostitye, jij aketè, enpidisite, asasen, mafya, ak boujwa kòronpi se yo menm kap Mennen.
Jacob Bendallahm






