Pou ki sa anpil moun koulya ap konsome manje kri?

94
0
Share:
TRiboLAND

De jou an jou dyèt vejetaryen ap pwan anpil popilarite; gen moun ki menm deside fè yon seri chwa ekstrèm nan manje sèlman manje kri.  Jeneralman rejim manje kri toujou baze sou plant, sepandan gen anpil moun ki menm ale pi lwen nan manje ze kri e manje vyann ak pwason kri.

Moun kap pwomote manje kri kwè lè ou bouyi li se detwi ou detwi natirèl anzim ki nan manje a e menm redwi vale nutritive ki ladan-lan e mete andanje sante moun. Moun ki manje manje kri yo pwefere manje likid, fè ju blende, tranpe, dezidrate, ak boujònnman manje yo.

Paske moun ki vigenn e ki konsome manje kri evite tout vye manje atifisyèl ki gen pwodwi chimik, sik avèk grès, konsa yo ekspoze a mwens maladi nan vi yo. Yo eseye konsome tout bagay ki gen kalori ki ba, konsa yo pèdi pwa trè fasil. Sepandan, konsa tou gen nan yo ki fè defisi nan devlopman zo masif avèk dan.

Kwen sante, TRiboLAND

Share:

Leave a reply