Bahamas: Yon gwoup ki rele United Haitian Front estime gen plis pase 300 ayisyen ki ta disparèt nan siklònn Dorian an

114
0
Share:

Bahamas__(TriboLAND) Jiska pwezan responsab yo ap fè bwas pou kontinye boske moun ki disparèt apwè ke siklònn Dorian finn krabinen plat atè Bahamas, espesyàlman Gran Abako.

Plis pase 300 sitwayen ta disparèt nan yon pakèt bidonvil ke Dorian te ravaje, dapwè ofisyèl yon gwoup ki rele United Haitian Community Front, ki apènn pwan nesans yon fason pou ankadre ak detèmine disparisyon moun sa yo nan siklònn Dorian.

Comite group sa ki genyen anndan-l  lidè relijyez, group dwa zimen ki soti anndan kominote ayisyènn nan; e yo jwen tou sipò òganizasyon tankou: Lig Pastè Ayisyen yo ak Rights Bahamas ki gen alatèt Stephanie St. Fleur kòm Pwezidan.

Selon Pwezidan St. Fleur, “Pi gwo pwoblèm nou se moun ki tap viv nan bidonvil yo ke jiska pwezan nou poko ka jwenn. Nou fòme yon gwoup ki rele Abaco Relief, e nou genyen anpil fanmiy ki soumèt nou non ak foto manm fanmiy yo jiska pwezan. Mwen  pèsonèlman soumèt 3 pajenfòmasyon bay NEMA. Genyen an total 309 moun nan lis la e nou kontinye ap pwan enfòmasyon toujou sou moun ki disparèt yo”.

Selon gwoup United Haitian Front lan, majorite moun ki disparèt yo tap viv nan kominote Mudd ak Pigeon Peas, nan Marsh Harbour, Abaco.

Share:

Leave a reply