Eske telefònn selula reyèlman emèt radyasyon? Eske moun ka fè kansè lè yo itilize-l twòp?

(TRiboLAND) Kesyon telefònn selula bay kansè sa parèt sou mache-a depi 1993, lè yon mesye ki tap viv nan Florid parèt nan yon show radyo nasyonal e deklare ke se telefònn selula ki fè madanm li fè yon timè nan sèvo. Li estime ke se fwekans radyasyon ki nan pòtab yo ki ta alabaz yon parèy pwoblèm. Konsa, malerezman li te pèdi pwosè-a akoz ensifizans evidans syantifik ak medikal.
Se vre te genyen sipò sikonstansyèl, men pat gen ase evidans syantifik ki denonse rapò ki lye yon telefònn mobil ak yon timè sèvo. Youn nan avoka ki tap defann O.J. Simpson, Johnnie Cochran, te devlope yon timè nan sèvo egzakteman nan bò tèt kote li te konn itilize telefònn mobil li. Senatè Edward Kennedy nan Massachusetts te fè tou yon timè sèvo nan mwa Me 2008 e li mouri nan mwa Out 2009. Anpil moun panse ke timè-a te pwovoke akoz telefònn mobil li te konn itilize twòp. Yon moun dwe fè anpil atansyon ak jan istwa sa yo. Koz ak efè kapab trè souvan twonpe moun.
Telefònn selula fonksyone avèk fwekans radyo (FR) ki pi pwisan ke fwekans ki nan ond radyo ak televizyon, men ki kek fwa pi ba ke sa ki nan rada ak fou mikrowave. Kantite fwekans radyo enèji yon moun itilize nan yon telefònn selula pawl varye selon distans konpatman mobil santral la ye, kalite fwekans telefònn nan, kantite kout fil anrejistre yo, ak ansyènnete telefònn nan. Ansyen telefònn mobil analog yo te konn emèt plis radyasyon ke nouvo telefònn mobil ki dijital yo. Ond radyo ke telefònn selula yo itilize pa yonab (ionizan), paske ou pa kapab konvèti molekil oubyen atom nan on ionn pou retire youn oubyen plizyè elektwons. Kontrèman avèk radyasyon reyon-X yo ak materyo radyoaktif yo, ki ionab (ionize). Radyasyon ionnab gen ase enèji ki kapab retire yon elektwon nan pakou li nan nwayo yon atom ki ka koz atom nan pwan chaj oubyen ionnab (ionize).
Jiska pwezan, evidans yo sigjere ke enèji ki soti nan yon telefònn selula pa gen ase fòs ki kapab andomaje yon seri materyo jenetik, ki kapab okazyone kansè. Sepandan, pwoblèm nan itilizasyon telefònn nan trè relatif. Pèsònn moun pa vwèman konnen sak ka pase lè ou itilize-l pou lontan nan vi yo. Anplis, syantis yo poko gen opòtinite pou fè yon seri etid sou moun kap itilize li lontan. An jeneral kansè nan sèvo pwan ven lane oubyen plis pou li detekte e devlope; konsa, pwiske sa gen ven lane depwi majorite moun te kòmanse itilize telefònn selula, ebyen nou apènn pwal kòmanse wè ki efè li fè sou moun kap itilize li pou lontan.
Inyon Ewopeyènn te lanse yon gwo etid pou detèmine si vwèman genyen yon rapò ant telefònn selula e kansè. Peyi Ewopeyen yo ap itilize telefònn selula depwi lane 1990 yo; konsa, peryòd tan yap itilize-l la ase long pou yo ta etidye pwoblèm nan. Etid la te fini nan 2012. Kidonk, rapò a revele ke pa genyen oken lyen ant itilizasyon telefònn selula ak kansè, men malgre sa, kritik yo pa janm satisfè ak enfòmasyon sa yo.
TRiboLAND






