Otorite Dominikènn yo reyitere volonte yo pou yo pwoteje ak sekirize 391 kilomèt fontyè yo

Sen Domeng__(TRiboLAND) Avan deblosaj ki te anrejistre nan Palman Ayisyen an ayè Lendi-a ki koz plizyè moun blese nan Pòtopwens, kapital Dayiti-a, Lame Dominikènn kontinye ap rapouswiv nan ranfòse plan sekirite li sou fontyè-a.
Lame panyòl la rapòte ke yo ranfòse 391 kilomèt fontyè yo avèk espesyal fòs ki kanpe an bandisyon nan divès zònn depi semen pase, “yon fason pou pare kont derapaj ak deblozaj kap manniganse nan Pòtopwens yo ak nan vil pwovens yo”.
Konsa, ajans otorize a soti kominike sa sou yon kont twitè @EjercitoRD avèk yon latriye imaj solda Dominiken ak gwo atilri ki deploye nan rejyon an. Ajoute a sa, gen plizyè baryè nan antre zònn fontalyè yo ki ta konplètman kadnase.
Atak Lendi pase-a gen pou wè avèk Senatè Jean Marie Ralph Féthière kèk tan avan palman an ta pwal pwepare pou ratifye Pwemye Minis Frizt William Michel, dapwè sa plisyè medya ak ajans depwès nan peyi-a ta rapòte. Youn nan viktim yo se yon fotograf ajans AP.






