Pwezidan Jovenel Moise: yon lòt pawòl pou fè tèt fèb dòmi

Pòtopwens__(TRiboLAND) Pwezidan Repiblik Dayiti-a, Jovenel Moise deside finalman fè yon ti bat bouch aswè-a selon yon sous pwezidantyèl jodi 24 Sèptann 2019 lan. Apwè anpil sakad politik ak echèk ki makonnen ak enkonpetans moun poko jamè wè, Lidè PHTK (Plonje Haiti Tou Kanpe) pwal tante yon lòt fwa ankò pou konvenk yon pèp ki an agoni men ki deja bwè yon chay manti bò kote pwezidan ki reyèlman pa genyen anyen pou ofwi ankò.
Pi gwo atant popilasyon ayisyènn sou diskou Jovenel Moise aswè-a, se ta tande nan bouch pwezidan an yon demisyon volontè ki ka fasilite yon remaniman sistematik de yon sosyete ki kangrennen kap naje nan labou. Yon lòt bò si pwezidan an fè eta de yon evantyèl Pwemye Minis pami Senatè opozisyon an, sa kapab tou yon tantativ destabilizasyon pou fann opozisyon an 2 moso, sitou genyen nan yo ki te ale rejwenn opozisyon an akoz plas PM ke yo pat jwenn. Konsa, lap kapab jwe zèl kat sa ak moun ki gen fyèv Pwemye Minis lan.
Yon lòt ipotèz ki merite avanse, se bezwen chanjman sistematik la! Li pa posib rejim nan ta redwi rekèt chanjman sistematik la a yon senp nominasyon yon PM. Kidonk, se pa 2 ou 3 PM minis ki pase deja, peyi-a vinn pi mal, vinn gen plis kòripsyon. Okontrè, kè dirijan yo ak boujwa yo vinn pi ensensib fas a mizè yon nasyon kap antre nan listwa a rekilon. Vrè pwoblèm nan, Ayiti pa ka pwan chans asèpte yon dirijan nan nivo Jovenel menm pou 2 mwa ankò!
Pwezidan an pale pou pale! E malerezman, li pa ka arive konvenk yon pèp ke li deja benyen ak anpil manti. Okontrè, manifestasyon yo te dwe ap boujonnen menm pandan lap pale-a! Li deja fè anpil dega! Fòk peyi-a debarase-l de rejim la wont sa, ki chak jou ap naje nan enpidisite ak kòripsyon.






