Reyaksyon kontinye ap vale tèren sou diskou douvanjou Jovenel Moise la

Nòdwès__(TRiboLAND) 2 jou apwè deklarasyon chèf Leta peyi-a, Mesye Jovenel Moïse te adrese nasyon ayisyènn nan, nan lannuit 24 pou rive 25 Septanm 2019 la, anpil reyaksyon pa sispann tonbe bò kote divès pèsonalite politik nan Depatman Nòdwès pou montre dezakò yo.
Pou ansyen depite OPL, nan 46e Lejislati an, Vascot Thernélan, mesaj chèf Leta a pa gen mwèl e li san nannan. Okontrè, Mesye Jovenel Moïse anvlime sitiyasyon an pi plis toujou akoz lwa Prezidan an ki danse nan tèt li. Pa gen dyalòg ki posib ak lokatè Palè Nasyonal la, sitou lè lap mache fè dega pwèske chak jou Bondye mete. Peyi a pwal konnen gwo moman latwoublay akoz move konpòtman Jovenel Moïse. Anplis, li pa janm anonse atravè diskou douvanjou-a aksyon konkrè li konte pwann (poze) pou l sa rive korije gabji administrative, ekonomik ak deriv tankou masak Lasalenn, dosye Petwokaribe, Dèmalòg ki rive komèt sou prezidans li a.
Konsa, dapwè ansyen eli OPL la pou sikonskripsyon Molsennikola, Bonbadopolis ak Bèdeèn nan, nan lanne 1995 yo, Vascot Thernélan ki di ke tout chèche li chèche, li pa wè avni manda prezidan PHTK 2èm Vèsyon an pwiske tout bagay dejenere konplètman e pèp la ap soufwi, li pa wè klè.






