Zimbabwe: Ansyen Pwesidan Robert Mugabe antere nan Kutama, vil natal li

97
0
Share:
TRiboLAND

Zvimba (TRiboLAND)Ansyen Pwezidan Zimbabwe-a finalman antere jodi samdi 28 Septanm 2019 la nan vil natal li, Kutama nan distrik Zvimba apwè anpil diskisyon ant otorite gouvènmantal yo ak famiy defen an sou kote ke li ta dwe antere kòm hero nasyonal.

Antouka, Mugabe antere nan yon lakou lakay fanmiy li nan zònn wès Harare nan yon seremoni senè ke orevwa ki te sèlman asiste avèk manm fanmiy ki rapwoche ak defen an. Yon Pè Katolik te kondwi yon posesyon gàd pwezidansyèl kit e ap okipe yo de sèkèy ansyen lidè geriya afwiken an pandan ke yon pakèt ti moun lekòl tap chante nan antèman.

Madan ansyen Pwezidan an, Grace te gen yon vwal sou tèt li e pandan lap kriye plizyè manm nan fanmiy la tap bay ewoloji.

Mugabe ki te yon hero ki te arive libere peyi Zimbabwe, men pèdi rèy pouvwa a an Novanm 2017, apwè 37 lane dictatè. Ansyen Pwezidan an mouri a laj 95 lane, nan yon lopital nan peyi Sengapou, 6 Septanm 2019 dènye.

Share:

Leave a reply