Ayiti Krim: Yon manm Platfòm Pitit Desalenn (PPD) krible anba bal nan Delma 33

Pòtopwens__(TRiboLAND) Endividi ame non-idantifye ki tap fè viwonn dede sou machenn touye anba bal yon manm Platfòm Petit Desalenn ki rele, Josemano Victorieux ki gen ti non jwèt li Badou.

Se yon lòt krim ki ajoute nan lis lanj de Lamò-a ki pa sispan voye sitwayen ayisyen anba tè pwèske chak minit anndan peyi-a. Badou, ki te yon manm aktif PPD, yon alatèt Baz 47 nan Delma, jwen lanmò lach sa Samdi swa ki te 28 Desanm 2019 lòske yon seri goril san manman krible li anba bal nan Delma 33.
Plizyè responsab nan opozisyon an lonje dwat jouda sou pouvwa anplas la ki pa sispann touye jènn pwèske chak jou Bondye mete.






