Plizyè dizènn polisye federal pwoteste kont Gàd nasyonal e bloke aewopò Meksik la.

94
0
Share:
TRiboLAND

Meksiko__(TRiboLAND) Plizyè dizènn polisye federal tap pwoteste seryezman akoz gouvènman Andrés Manuel López Obrador ki pwosede avèk yon kreyasyon yon nouvo Gad Nasyonal. Polisye yo bloke aksè aewopò entènasyonal vil Meksiko-a ayè Vandredi 04 Oktòb 2019 la.

Manm polis federal yo ki te deja yon fòs ki rejwenn Gàd Nasyonal avèk ajan lame lamarenn, rejete pwosesis entegrasyon nan nouvèl ògann sekirite pwezidan Lopèz Obrador a.

Manifestan yo afime ke li koute yo anpil pou rejwenn nouvo Gàd nasyonal la; tankou salè yo ki diminye ak lòt avantaj sosyàl. Manif nan te dure plizyè èdtan avan yo te finalman rann aksè aewopò Meksiko-a lib.

Share:

Leave a reply