Yon etidyan ki yon jwè foutbòl ameriken e ki natif natal Mayami tonbe e mouri pandan entrènman nan Inivèsite Wales

Yon jwè foutbòl ameriken ki grandi nan Mayami vide atè e mouri Madi pase 8 Oktòb 2019 la nan moman li tap antrene nan Inivèsite Warner ki nan Lakes Wales.
Theodore “Boobie” Hammonds te yon senyò nan inivèsite a e li te konn jwe nan Miami Carol City Senior High School.
Pwèske se tout staff atletik antrènman Inivèsite Warner a melanje ak sèvis dijans ki tap fè mannèv pou asiste Hammonds pandan li te tonbe a, men yo pat kapab resisite-l. Konsa, li te mouri apwè nan Sant Medikal Lake Wales la. Kidonk, jouska pwezan koz lanmò a rete enkoni.
Pwesidan Inivèsite Warner a, Dr. David Hoag fè sòti yon nòt nan sikonstans sa: Fanmiy Inivèsite Warner a santi-l afekte e tris anpil sou disparisyon trajik youn nan etidyan nou yo, Madi 8 Oktòb la. Theodore “Boobie” Hammonds, yon manb senyò ekip foutbòl la sot tonbe apwè yon antrennman san kontak fizik. Divès manb nan staff antrènman an te la ap fè manèv pou bay Hammonds swenyaj dijans nesesè. Sèvis Emèjansi Kontre Polk te reponn pwezan e te transpòte Theo nan Sèvis Dijans Sant Medikal Lakes Wales. Malerezman, Theo pat an mezi pou revni, e apwè sa li mouri nan lopital la.






