Ayiti opozisyon: Yon lòt jounen mega manif pwevwa pou Vanderdi 11 Oktòb nan tout peyi-a

Pòtopwens__(TRiboLAND) Apwè operasyon “poze sele” ki te fèt ayè Lendi 7 Oktòb 2019 la, lidè dirijan opozisyon yo anonse yon lòt mega jounen mobilizasyon pou demen Vandredi 11 Oktòb 2019 la atravè tout peyi-a. Sepandan, vrè objektif manifestasyon sa, se pote boure nan Petyonvil tèt nèg.
Dapwè dirijan yo, Jovenel ap genyen apepwè 2 zèd tan pou anonse oubyen remèt lèt demisyon li pandan manif la nan yon pwemye tan ap chofe jarèt sou Plas Sen Pyè nan Petyonvil. Pase yon parèy iltimatòm, dirijan politik ak militan nan tèt kole ak pèp souvwen pwal deklenche yon mouvman “Grenadye Alaso sak mouri na vanje yo” lakay Jovenel nan Peleren, dapwè Senatè Nòdwès la, Evallière Beauplan ki tap pale ak yon gwoup makrèl opozisyon an nan biwo Senatè Youri Latortue.






