Pwezidan Jovenel Moise denonse yon sistèm kòripsyon ak tout santinèl li

Jovenel Moise, pwezidan enkilpe bay yon konferans jodi Mari15 Oktòb 2019 la nan lakou Palè Nasyonal devan plizyè jounalis pou li denonse sa ki selon li menm yon sistèm avèk tout moun ki eritye-l.
Pwezidan Jovenel, ki petèt vle sòti nan nich li, te pwofite voye mesaj senpati bay latriye moun ki mouri yo nan dènyè pwotestasyon katchou boumbe masiv yo atravè peyi a. Pwezidan kalifye kriz sa ki mawonde peyi a kòm yon kriz politik ki pi fewòs ke peyi-a pa janm konnen. Li fè eta de tout yon seri desizyon administrasyon li an te pwan pou fwennen yon seri kontra pike kole piblik ak pwive ki kriminèl ak diskriminatwa; konsa, kanpe an fas mouvman sa yo kreye anpil agitasyon ak kout san nan sèktè biznis lan. Jovenel deklare ke li te mete yon pwen final nan yon 107 milyon dola kontra tèt chaje ak yon seri konpayi ki te plase pou bay jarèt a yon seri santral elektrik nan peyi a.
Li ajoute tou ke se nan kanpe an kwa devan sa yo ki se santinèl sistèm gagotaj kòripsyon an ki lage pè las dèyè-l kòm kwa li ta retire manje nan bouch yo.
Pou fini, chèf leta a raple moun kap bat tenèb sou demisyon lan, ke manda konstitisyonèl li genyen an pa mande-l pou li kraze yon kite sa. Konsa, li kontinye fè apèl dyalòg ak tout antite konsène nan sosyete.





