Kap Ayisyen: Masiv manif ak tout pwofesè kap viv nan Nò

Kap Ayisyen__(TRiboLAND) Platfòm Sendika pwofesè Nan Nò ki regwoupe divès òganizasyon tankou: CNEH, FOS LEKOL, GIEI, FENORD, RECAP, Collectif des Professeurs de Lycée du Nord, etc plwa pile beton an ak yon gwo manifestasyon pasifik demen Lendi 21 Oktòb 2019 lan, vè 10:00 A.M. jiska 3:00 P.M. nan kad pou egzije demisyon pwezidan Jovenel Moise yon manyè pou repwann aktivite skolè nan tout peyi-a.
Rasanbleman an ap fèt nan Vètyè e manifestan yo ap kandale desann sou Ri Espanyòl la pou rive nan Ri 22 L; e lap kite Ri 22 L pou li al doubout nan Ri 20 G, devan Otèl Devil Kap Ayisyen an yon fason pou delivwe yon mesaj baton gayak bay otorite konpetan yo.
Nan sans sa, li enpòtan tout paran, elèv, ak tout lòt òganizasyon tankou sendikalis yo ak tout baz rezistans latriye venn pote kole nan solidarize ak pwofesè yo ki pa sispann pwan manti ak fo lèt nan men Minis Agenor Cadet. Wè pa wè viktwa-a toujou nan kan Pèp la!






