Ensenyan ak elèv lekòl manifeste nan vil Pòdpè pou reklame pèzibleman depa Jovenel Moise

Pòdepè__(TRiboLAND) Manif ki te prevwa pou jedi 31 Októb 2019 sou inisyativ Anseyan Pwofesè yo, paran, elèv lekòl pou mande Prezidan peyi a Mesye Jovenel Moïse ki sa lap tann pou mare pakèt yon fason pou fasilite timoun yo reprann chimen lekòl.
Byen bonè nan maten, divès òganizasyon ki te gen alatèt yo divès responsab UNNOE rejyon Nòdwès tankou Marcdonet Antoine ak Nixon Theodoris ki se repwezantan Nasyonal Lig Ensenyan yo, elèv lekòl ki tap mete bemòl ansanm ak yon pakèt lòt sektè pou nou site sa yo sèlman. Manif lan ki te konpoze an majorite, elèv lekòl ki te genyen pankat tout kalite tap mande aplike griy salaryal la pou pwofesè.
Manif la te kòmanse kandale nan Ri Dikè, pase devan katedral e pote kole nan Lakoup e se la manif la ta pwàl fini san ensidan vè 11:00 nan maten. Plizyè lekòl nan tèt kole te bwave tout mantalite entimidasyon pou rele chalbarik dèyè pwesidan Jovenel Moise ki anpeche yo al lekòl.
Selon kòdonatè UNNOE a, Mesye Antoine deklare ke Manman Lwa Peyi bay Prezidan an atribisyon pou l fè tout enstitisyon yo fonksyone kòmsadwa alòs ke se lekontrè selon pwofesè a ki se youn nan òganizatè manif lan fè konnen depi Pwezidan Jovenel Moïse nan tèt pouvwa a tout enstisyon yo ajenou. Lidè pedagojik la ki te nan mikwo TRiboLAND te rapouswib pou l di, si Prezidan Jovenel Moïse pa ka fè lavi reprann nan peyi a patikilyèman lekòl se pou l tande rèl pèp la ki se remèt demisyon.
Alòske bò kote pa li, pwofesè Theodoris pat pase plizyè chemen pou li dekri yon sitiyasyon kawotik: pwivasyon manje, gaz, pwofesè pa ka touche. Pwofesè-a mande pou tout lòt depatman rete solidè ak mouvman anseyan yo yon fason pou pouse do Jovenel Moise ki se yon vwayou ki pat ka menm arive yon kazèt nan Nòdwès pou nou ta di pwezidan jounen jodi-a.






