Depite Kebèk yo pataje solidarite yo avèk pep Ayisyen an

Kebèk___(TRiboLAND) Tout depite alawonn badè ki konpoze Asanble Nasyonal Kebèk la vote jodi Jedi 31 Oktòb 2019 la san sou san (103 pou ou 0 kont ak 0 absan) sou yon mosyon ki jistifye solidarite yo avèk peyi Dayiti kap batay pou mete yon sosyete ki janm ki kapab vanse pou pi devan.
Mosyon sa ki te gen pou wè avèk volonte Paule Robitaille, ki seyon Depite nan sikonskripsyon Bourassa-Sauvé e ki se pòt pawòl opozisyon an e ki alafwa yon ansyen jounalis ak komisè sèvis imigrasyon ak refijye, te fè tèt kole ak minis Relasyon Entènasyonal Fwankofòni an, Nadine Girault, ak depite rejyon Tascherau a, Catherine Dorion, depite Iles-de-la-Madeleine la Joel Arseneau, depite Chomedev la ki se Guy Ouellette san bliye depite Marie-Victorin an ki se Catherine Fournier; yo tout sa te fè makònn pou depoze yon deklarasyon sere kole nan kad pou montre solidarite yo ak peyi Papa Desalenn nan kap pwan lanm.
Antouka, rezolisyon sa ki pase san bouch gonfle, gen pou transmèt bay biwo Pwemye Minis Kanada-a, Justin Trudeau ansanm ak pwezidan Jovenel Moise. Yon kopi gen pou ale jwenn anbasadè peyi Dayiti-a, Frantz Liautaud ki nan Otawa.
Nap raple, sa pa gen lontan depi yon gwoup manifestan tap pwoteste nan Kebèk kont enjerans peyi Kanada nan bay gouvènman enkilpe-a jarèt! Konsa, yo tap mande peyi Kanada pou retire kò-l nan peyi Dayiti!






