Syantis nan Boston konfime tèt krann Dominiken e Ayisyen pa menm, menm lè yo genyen rapwochman fizik

96
0
Share:
TRiboLAND

Nan yon etid antwopològ lejis yo fè sou yon seri zo eskelèt krann ki etabli pwofil biwolojik (wotè, laj, seks, ak zansèt moun) nan Lekòl Medsenn nan Inivèsite Boston, pou pwemye fwa, syantis (BUSM) yo arive pèfòme yon etid kranometrik ki gen pou wè avèk mezire zo kokolo tèt moun.

Karakteristik tras zansèt yon moun trè zenpòtan nan rechèch BUSM yo ki te fokis seryezman sou idantite endividyèl desandan Afriken ak Ewopeyen. Konsa, anba yon seri etid altènatif ak gwoup majinalize, syantis Lekòl Medesenn Boston yo dekouvwi ke dimansyon zo kokolo bwa tèt Dominiken ak Ayisyen ki pataje menm ti zile ki rele Ispanyola-a, konplètman diferan.

Selon rechèchè yo, li evidan ke etid jenetik ak eskèlèt yo montre ke divès gwoup kap viv nan Karaib la konplètman diferan, sepandan yo toujou makònnen ansanm anba yon kategori zansèt Espanyòl ak plizyè gwoup Amerik Latenn nan yon kad ki pi elaji.

Syantis yo ki te itilize yon mezi estanda antwopometrik ak kranometrik (28 mezi) apati yon tomografik ki dijitalize (CT) pou Dominiken ak Ayisyen ki te egzamine gras a yon lopital nan Sen Domeng, kote ke chèchè yo analize mezi yo pou detèmine resanblans ak diferans ki egziste lakay tout de pèp yo.

“Etid nou yo montre ke, malgre yo pataje ti moso tè sa-a, Dominiken ak Ayisyen kapab diferansye yo avèk yon kantite kwayans estatistik ki jis, e ki posib parapò avèk konpleksite istorik tou de polilasyon yo ki detache tèt yo malgre pwoksimite jewografik yo,” selon Michelle Herrera, ki se yon gradye nan yon Mastè pwogram nan domènn Antwopoloji Lejis nan Lekòl Medsenn nan inivèsite Boston, Masachousèt.

Share:

Leave a reply