Ansafolè: yon bèl vil kap bay payèt!

106
0
Share:
TRiboLAND

Ansafolè___(TRiboLAND) Kontanple bote vil Ansafolè se kontanple egalman vil Sen Lwi Dinò ki se vil ki pi pwòp e byen administre nan depatman Nòdwès la. Sepandan, Ansafolè se reyèlman yon lòt “bijou” ankò kap dodo meya sou sab blanch Pwen Dèzikap, ki depase deskripsyon yon paradi.

Ansafolè pou anpil moun, se tèt koupe ak yon vyèj ti gengenn, sou yon rega sedwisan melanje ak yon odè bwiz marinn, pa genyen anyen pou anvye de bote ak pwòpte lòt vil nan peyi Dayiti. Nan enfòmasyon TRiboLAND arive ranmase atravè youn nan pitit vil la, Mesye Hudson Fortuné pat manke eksplore ak fyète diferan faktè ki kontribye nan bote aktyèl Ansafolè.

Mesye Fortuné konsyan ke se dilijans ak motivasyon popilasyon an ki deside pran eskanp figi Ansafolè an konsiderasyon. Pa gen mwayen finansman pou fè gran kichòy; sepandan sa ki reyèlman yon benediksyon pou vil la, se chalè ou flanm motivasyon ak kreyativite ki anime chak sitwayen nan Ansafolè pou mete men nan nenpòt travay kap antreprann opwofi popilasyon an. Konsa, aktiv patisipasyon sitwayènn ak santiman apatenans se pami divès faktè ki kontribye nan bèlte vil pwòp sa.

Sans responsablite se yon lòt ankò. Konsepsyon popilasyon an, li enpòtan pou chak rezidan jere fasad lakay yo ou lakou yo; se bagay popilasyon an sansib pou li anpil! Chak moun responsab pou bale ou netwaye devan pòt lakay yo. Machann ou pyeton pa kapab oze lage oubyen manifeste entansyon pou kreye salte nan espas piblik yo. Avèk yon parèy konsepsyon, yo angaje pafwa nan plante bèl ti flè oubyen pye kokoye ak tout sa ki kapab denonse yon vèdu enpekab ki fè chak katye yon boukè inik nan anviwònnman botanik Ansafòlè a.

Lòt bò fasad maritim vil Ansafolè a, se pa pale! La, ou jwenn enpwesyonant plaj ki reyèlman manifik; se nan espas sa yo, lwazi kase randevou ak vakansye nan mitan yon patwouy kokotye kap resevwa payèt anba je dou bwiz maritim. Ansafolè se yon fòs atraksyon, yon milye pou touris enteryè ki pa sispann fè pale de li, espesyàlman pami sa yo ki renmen mouvman sitwayen angaje, aktivite pwòpte ak bote natirèl ki toujou trè rechèche.

Nap raple w, Ansafolè genyen yon jenès ki anvòg e ki fè tèt li obligasyon pou pran desten pwòpte ak bote vil la kòm yon devwa sakre e kotidyen. Yo pa sispann leve vwa yo pou alète otorite yo sou lanmè a ki menase detwi vil Ansafolè.

Share:

Leave a reply