Bandi sangwen kidnape e maltrete yon kanbis nan Wo Dikap

05/28/2021
Twou Dinò_____(TRiboLAND) Nan moman li t’ap antre lakay li, Enock Maxi ki se yon kanbis ke anpil moun konnen nan Troudinò, depatman Nòdès peyi a, kinape anba lapat 3 endividi ame prèske anndan lakay li mèkredi 26 me 2021 an.
Endividi ame yo ki te nan yon machin Nissan Patrol, te fòse Enock monte machin nan e pran wout dwàt sou Wo Dikap avèk li. Enfòmasyon yo fè konnen ke machin bandi sangwen yo te tonbe anpàn. Konsa, viktim nan ki te deja pran yon bal nan pye, te kontinye ap resevwa anpil chaplèt nan men bandi yo ki te fèmen l e bandone l yon kote.
Gras ak asistans kèk moun ki t’ap pase, Enock arive nan jedi maten 27 me antre lakay li e imedyàtman yo te oblije pran wout lopital avè l pou swenyàj medikal.
Nap raple, sa pa gen lontan ke konsta yo revele ke mouvman kidnapping ap eseye pran jarèt nan anpil zòn pwovens ki te jwi bonjan trankilite despwi piblik.






