Kidnapè yo mande gouvènman ameriken yon magogo 17 milyon dola pou liberasyon 17 otaj misyonè yo

10/19/2021
Pòtopwens______(TRiboLAND) Pandan Bureau Federal Investigation (FBI) ap trese lèl e fouye zo nan kalalou pou chèche konpran zak kidnapping gwoup gang sangwen “400 Mawozo” egzekite sou yon gwoup 17 misyonè ameriken nan Gantye yè samdi ki te 16 oktòb 2021 an, kriminèl yo egzije gouvènman ameriken yon ranson 17 milyon dola vèt, swa yon milyon pou chak tèt misyonè ki genyen pami yo ti inosan.
Nan yon konderans pou lapwès, atache pou lapwès Maison Blanche lan, Jen Psaki konfime bwàs trese lèl ak piwèt FBI ki se youn nan antite ki fè pati yon efò ki djanm yon fason pou arive libere otaj yo. “Nou konnen yon parèy gwoup ap tagèt sitwàyen ameriken poutèt bonjan finans ak resous, e menm si se pa ta sa,” Psaki deklare ke gouvènman ameriken an dekonseye sitwàyen ameriken pa pote tèt yo nan peyi Dayiti.
Nap raple, anbasad amerikèn se youn pami antite ki kreye lyezon ant otorite lokal yo ak fanmiy otaj yo.






