Pòdpè: Gwo fas afas ant lapolis ak yon gwoup endividi nan yon katye popilè

104
0
Share:
TRiboLAND

10/202021

Pòdpè_____(TRiboLAND) Gwo fas afas ant lapolis ant yon gwoup nèg sou katye Dènyerèl nan vil Pòdpè apwèmidi mèkredi 20 oktòb 2021 an.

Katchouboumbe a eklate apwè ke sitwàyen sa yo te deside voye wòch sou lapolis ki tap tante retire pandan plizyè fwà barikad ke mesye yo te drese sou boulva Twà Rivyè a depi lendi pase.

Konsa, “konsè zàm chante” a te dire yon bon pout tan e te bloke trafik wout pwensipal la ki te okazyon anpil sèvis transpòtasyon jete kò yo sou wout chan avyasyon pou kandale desann Twà Rivyè.

Sepandan, selon kèk sous fyàb, altèkasyon nan zòn Dènyerèl la, ta sanble pa okazyon oken viktim.

Share: