FÒSNOU bat bwavo epi felisite bwaselide Komite Medyasyon Nòdwès la nan dat 6 me 2022 a.

87
0
Share:
TRiboLAND

05-07-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Biwo kominikasyon FÒSNOU ak tout alyel yo bat bwavo lakontantman pou gwo kokenn chenn demach Komite Medyasyon an nan Nòdwes te tanmen nan dat 6 me 2022 a, nan lide pou rive mete yon bout ak nich kriz sosyopolitik rasi kap sakaje bil peyi Dayiti.

Nan moman atelye travay yo, anpil gwo pwen nan nivo Nòdwès te rive touche tankou : sekirite, konstitisyon, eleksyon, kriz imanitè ak gouvènans poun site sa yo sèlman.

Biwo kominikasyon FÒSNOU raple tout moun, ke nou tout se ayisyen, nou dwe chita ansanm poun poze pwoblèm peyi nou ki rele nou chèmèt, chèmètrès. Pou FÒSNOU, li lè li tan poun sispann di se etranje ki anpeche nou avanse. Se nou ki pou pran desten nou an men, daprè Paul Elie Faustin, yon Gran Toryan FOSNOU.

FÒSNOU ak alye li yo nan sans sa a, fè konnen yo kwè nan bon jan dyalòg ant ayisyen ak ayisyèn pou chanje eskanp figi peyi a epi mande tout aktè nan lavi nasyonal la pou rejwenn Komite Medyasyon sila, yon mannyè pou rive deplwàtonnen kriz disèt otè a san pèdi tan. Viv FÒSNOU ak alyel yo pou yon Ayiti tou nèf!


Share: