Responsab edikasyon nasyonal nan Nòdwès òganize yon rankont wo nivo pou diskite sou rantre lekòl la.

10-30-2022
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Responsab edikasyon nasyonal yo nan Nòdwès, tanmen jounen samdi 29 oktòb la, yon gro rankont nan lokal Lise Tètilyen Gilbo a, nan vil Pòdpè nan kad bwase lide pou prepare ouvèti ofisyèl lekòl la.
Nan rankont sila, direktè lekòl piblik melanje ak prive e latriye tap fè lapawoli mache sou yon rezolisyon ki akse sou yon “reouvèti gradyèl” orè fonktyalite lekòl la ki prevwa pou 7 novanm 2022 a.
Diskisyon yo pat mete sou kote posiblite pou yon seri profesè Leta ki kapab chwazi pa fè ak prezans pandan peryòd gradyèl la, ki definitivman makònen ak tout yon seri problèm sosyo politiko e ekonomik. Kèk nan entèvenan yo, te menm fè eta de yon seri derapaj ak elèv ki kapab pran lari si tout fwa yo pa jwen profesè disponib pou kou yo. Elèv ki kouri pran lari kapab pètibe lòt enstitisyon ki asèpte fonksyone; alòske posiblite mobilizasyon yon evantyèl fòs lòd pou yon jesyon kontròl sou yon pakèt rejyion parèt yon ilizyon.
Dout ki plane pou reouvèti lekòl la varye. Sepandan, dat 7 novanm 2022 a, konsidere kòm dat previzib pou ouvèti lekòl yo patikilyèman nan Nòdwès. Se yon prosesis kap fèt gradyèlman, selon responsab edikasyon yo ki mete yo dakò aprè yon chita tande ak bwase lide nan vil Pòdpè.






