Timachann nan Gran Mache kominal Tigwav la, denonse lavi chè ak grangou mizè tout kalite kap taye banda nan peyi a.

12-05-2022
Tigwav, Ayiti ____(TRiboLAND) Timachann yo nan Gran Mache kominal Tigwav la, nan kad yon mikwo trotwa ak TRiboLAND, jounen lendi 5 desanm 2022 a, pa manke mo pou denonse lavi chè grangou mizè tout kalite kap taye banda seryezman nan peyi a depi yon bon bout tan.
Timachann yo ki di yo genyen gwo tèt chaje pa rapò ak lavi chè, grangou san parèy kap sakaje pèp ayisyen an.

Tidetayan yo ki deklare pri pwodwi yo ki triple sou mache lokal la, lakoz kliyan yo bay pri; se pandan yo paka achte nan men yo mete sou sa dola ameriken an ki pa sispann n pilonnen goud la.
Pilwen, tikomèsan yo esplike manje reprezante yon liks pou majorite pèp ayisyen an, nan moman nap pale la a. Yo fè konnen, nan jou kap vini la yo, se plizyè vwazen kap mete ansanm yon fason pou yo kapab kwit yon ti mòso manje tèlman bwa a mare.
Nan sans sa a, Timachann yo nan Gran Mache kominal Tigwav la, mande chèf gouvènman defakto Ariel Henry a pou pran yon ti konsyans nan montre moun ke li te soti anndan vant yon manman tou, pandan lap deside desann lavi chè a.
JOICY Arnold






