Senlwidinò: yon kay boule rapyetè e plizyè jaden pase anba flanm nan mache Rivyèdèba.

91
0
Share:
TRiboLAND

03-03-2023

Senlwidinò,Ayiti____(TRiboLAND) Yon kay boule, plizyè jaden pase anba flanm swit ak yon dife ki eklate nan sit kote machann yo jete fatra nan mache Rivyèdèba a, jodi vandredi 3 mas 2023 a, nan Senlwidinò

Selon kòdonatè Kazèk 3èm seksyon an, Elusmé Saintilmé, dife a gen plizyè jou anba fatra yo, se jodi a li eklate san pat gen moun kite pase a sa.

Konsa, otorite yo entèdi machann yo jete fatra nan zòn nan, jiskaske yo anvizaje yon lòt kote pou yo jete fatra.

Pierrilien Nicol Colly



Share: