Rèl nan komin Abriko: 2 jènn pechè disparèt nan dlo sale

97
0
Share:
TRiboLAND

06- 05-2023

Abriko, Ayiti (TRiboLAND) Fanmiy Ladouceur ak Remy nan komin Abriko, lokalite Pò Sen Jis 4èm seksyon,
ki tap entèvni nan mikro TRiboLAND, fè konen Ladouceur Lufaitte, Ladouceur Ivenold 2 frè ki nan laj mwens ke 30 lane pòte dispari nan depatman Grandans lan.

Selon pwòch yo, mesye yo te kite lakay yo depi vandredi 2 jwen 2023 a pou te al peche abò yon bwawon. Konsa, jous jounen jodi a, jèn pechè yo pako janm tounen.

Fanmiy Remy ak Ladouceur se ren mare! Nan sans sa, yo lanse mesaj bay gran piblik lan, responsab leta yo pou ede repeche 2 jenn gason sila yo, ke anpil moun konsidere kòm pòte dispari nan kad peryòd entanperi a kap baleye depatman Grandans.


Share: