Lapolis ak la jistis nan dezyèm vil peyi Dayiti, mete dòmi nan je yon gwo koure, san konte plizyè lòt ki jwenn arestasyon yo.

Ti Dave ensikoni, se non gwo koure sa a lapolis ak la jistis nan vil Kap-Ayisyen voye nan peyi san chapo san konte plizyè lòt yo mare kou krab.
09-09-2023
Kap-Ayisyen, Ayiti___(TRiboLAND) Nan kad yon operasyon tranble jarèt, chèf pakè Kap-Ayisyen an, Édouard Durant, mennen nan tèt kole ak plizyè inite nan lapolis la tankou : BI, SDPJ, UDMO, yo rive mete dòmi nan je yon gwo koure san konte plizyè lòt yo mare kou krab.
Gwo koure ki tonbe a se, Ti Dave ensikoni, ki te genyen plizyè chèf akizasyon sou do li tankou : brakaj, asosyasyon malfektè, vòl, e vyòl pou n site sa yo sèlman. Ti Dave, tap opere nan lokalite site Dipèp, ak plizyè lòt gwo koure ke lapolis ak lajistis pako bay okenn enfòmasyon sou idantite yo.
Pou komisè minisipal polis Kap-Ayisyen an, Mackenzy, li sèmante sèt fwa swa-sant-disèf fwa, lèl fè konnen komin Kap-Ayisyen pap gen ensekirite paske tout bandi dwe tonbe.






