Plizyè medsen nan depatman Nòdwès la, manifeste devan pòt direksyon depatmantal sante branch Nòdwès la

97
0
Share:
TRiboLAND

09-28-2023

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Medsen yo nan depatman Nòdwès la, patikilyèman nan vil Pòdpè, tanmen yon mouvman plante pikèt devan pòt direksyon depatmantal sante piblik branch Nòdwès la, nan lide pou egzije otorite yo peye yo kòb travay Kovid-19 la.

Medsen sa yo jounen mekredi 27 septanm 2023 a, ki te move kou kong, nan moman mouvman pwotesyasyon an, fwape plizyè pòt e chavire ou kraze divès lòt objè nan direksyon depatmantal la, e fè konnen, yo pap lage bay, tout otan ministè sante piblik ak popilasyon an pa peye yo kòb yo.

Pou konnen ki mò ki touye lanperè, korespondan TRiboLAND yo ta pral rejwenn direktè depatmantal sante piblik branch Nòdwès la, ki ta pral fè konnen, pwoblèm pou peye medsen yo kòb Kovid-19 la, poze sou tout 10 depatman jewografik peyi Dayiti.

Direktè Tony Monestime ki tap pale fè konnen, se pa direksyon depatmantal la kap peye yo men se pito Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) an.

Share: