MITAN VIL PÒDPÈ SE YON VERITAB KATASTWÒF NAN ZAFÈ SALTE !

12 – 15 -2023
Tout kote ou pase nan sant vil Pòdepè se fratra, labou ak dlo santi. Nan kad yon founi je gade ak konsta ki fèt ak kèk sitwayen nan zòn Grantiyo k ap reflechi sou sitiyasyon vil la.
Pou yon bon valè moun, sant vil Pòdpè se yon eleman ki ta dwe pweokipe tout sitwayen anjeneral e swadizan otorite k ap viv ladan l.
Nan tout rakwen vil la se salte, tout moun rete tèt frèt. Kòmsi tout bagay ap byen mache oubyen sou kontwòl.
Nan entèwogasyon ki te fèt ak sitwayen sa yo, kisa yo panse ki koz popilasyon an rete pasif konsa?
Yo te reponn konsa: « Fason moun yo rete pasif la moutre nivo ensousyans yo oubyen yo santi yo konfòtab ak fatra, labou k ap vale teren nan vizaj yo. E pa gen okenn lòt sosyete k ap aksepte yon sitiyasyon fatal konsa. Paske si yo pa konfòtab nan sitiyasyon sa, yo t ap leve kanpe pou mande Lameri netwaye vil la oubyen sispann maltrete tèt yo nan jete fatra tout kote nan vil la. Paske, menm si otorite yo rete tèt frèt, popilasyon kontribye nan gran pati nan sal vil la»
Sepandan, nan kad yon emisyon majistra Josué ALUSMA t ap patisipe sou Radio Génération 80, li te anonse Lameri pral netwaye tout ti kwen nan vil la. Kidonk, labou sa yo ak fatra sa yo pa ta konsène Majistra a ak ekip Lameri a.
N ap fè w konnen, majistra a te inogire yon pòs peyaj pou chak chofè moto ak machin te kapab peye, pou Lameri te kapab ramase kòb. N ap souliye, jiskaprezan okenn moun pa anmezi konnen konbyen kòb ki ramase e kisa yo fè ak kòb sa nan vil la.






