Popilasyon nan Senlwidisid pase Peter anba bwa kale

06 – 19 – 2024
Senlwidisid, Ayiti ____(TRiboLAND) Popilasyon an nan Senlwidisid pase Peter ensikoni anba bwa kale nan lokalite Mawo aprè li fin touye yon ti bebe ki apèn gen 3 mwa.
Daprè enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, Peter tap batay ak papa timoun lan. Pandan papa timoun lan fè yon deplase, Peter antre anndan li pran timoun lan epi li fwape-l atè. Mank posiblite pou deplasman, bebe a rive mouri.
Popilasyon an ki tap chèche Peter, arive mete men sou li, epi enskri li nan program bwa kale a. Konsa, popilasyon estime ke yon moun tankou Peter pa ka al nan prizon.





