SDPJ nan vil Pòdpè prezante bay laprès, Richemond Enose Erlevy, yon endividi ki ta fè tèt li pase kòm ajan PNH.

06 – 25 – 2024
Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè nan depatman Nòdwès la prezante bay laprès nan depatman Nòdwès la yon endividi ki pote non Richemond Enose Erlevy ki ta fè tèt li pase kòm ajan PNH.
Dapwè deklarasyon pòt pawòl PNH branch Nòdwès la, enspektè Léonel Joseph, lapolis poze lapat sou Richmond Enose Erlevy, nan Ri Benito Sylvain, notaman nan bank sogebank Pòdpè a pou tèt li ta fè tèt li pase pou polisye.
Esplikasyon enspektè a bay yo ta fè kwè, lapolis te deja ap mennen yon ankèt sere, sere sou idantite ak pwofesyon endividi a ki sòti nan komin Ansafolè, sa ki ta fè kwè, ke li fè pati gwoup polisye palmantè yo.
Nan moman nap pale la, Richmond Enose Erlevy, toujou anba kòd nan gadavi komisarya Pòdpè a, annatandan l’al bay esplikasyon nan Pakè Pòdpè a.






