Abitan nan lokalite Fòwayal, Tigwav mande otorite yo pou restore Fò a prese- prese.

07 – 14 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Abitan yo nan lokalite Fòwayal premyè seksyon kominal Vyalè, Tigwav, mande otorite lokal ak santral yo pou fè tout sa ki nan pouvwa yo, pou restore Fòwayal ki nan yon sitiyasyon deplorab.
Sitwayen yo ki pat vle figi yo parèt devan kamera TRiboLAND, deklare yo pap sispann itilize mikwo lapwès pou mande otorite lokal ak santral yo pou amenaje Fòwayal ki nan yon eta deplorab. Yon estrikti istorik ke yo konsidere kòm pigwo patrimwan ke yo genyen nan zòn nan, ki ta kapab pèmèt otorite yo nan lameri rantre lajan pou fè devlopman nan komin nan.
Fòwayal genyen anpil enpòtans pou popilasyon ayisyèn nan patikilyèman moun kap viv nan kominote a.limit Fòwayal date plis pase 200 lane, zansèt nou yo te konn Itilize li pou batay kont ènmi yo, dapwè deklarasyon plizyè abitan.

Toutfwa, peyizan yo ki bay llimit peryòd vakans lan pou otorite yo aji, sinon yo menase bloke rantre prensipal la pou okenn vizit pa reyalize nan Fòwayal, menmsi yo rekonèt Fò a, genyen yon pòte ekonomik ki enpòtan pou yo anpil nan kominote a.






