Fanmiy ak zanmi yon atis ayisyen louvri 2 bwa yo bay lemond pou ede yo jwenn atis la ki ta sanble disparèt.

07 – 14 – 2024
Pòtoprens, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon nòt k’ap lavirewon dede sou rezo sosyal yo, fanmiy ak zanmi Jonathan Wens Désir, ke tout moun konnen sou non atis Mechans-T, montre yo trè enkye parapò yo pa konnen si atis la monte sil desann.
Enfòmasyon ki sòti bò kote fanmiy atis Mechans-T ta fè kwè, li te kite lakay li depi nan dat 4 jiyè 2024 la li pa janm retounen. Yon lòt bò, dapwè plizyè lòt sous korespondan TRiboLAND yo ta kontakte, ta konfime ke atis la ta ap flannen sou lanmè nan zòn dlo sale peyi Bahamas, yon nouvèl ki lage gwo enkyetid lakay fanmiy ak zanmi l yo.
Nan moman n’ap pale la fanmiy, zanmiy ak fans rapè a, plonje nan yon dezolasyon total kapital, saki lakòz yo louvri 2 bwa yo bay lemond pou ede yo rejwenn atis la ki ta sanble disparèt.






