Konfederasyon Vodouyizan Ayisyen nan depatman Sid inisye plizyè jèn nan sektè vodou a

190
0
Share:
TRiboLAND


07 – 15 – 2024


Okay, Ayiti _____(TRiboLAND) Konfederasyon Vodouyizan Ayisyen nan depatman Sid peyia inisye plizyè jèn nan vodou ayisyen an jounen lendi 15 jiyè 2024 la. Jenès Vodou se yon estrikti ki pran nesans Okay nan lide pou pwomouvwa vodou ak byenfè li.

Divès moun soti nan tout 20 komin ki gen nan depatman Sid la, daprè sa kèk nan inisyatè yo di: yo toujou tande anpil vye bagay sou vodou a, aprè plizyè aktivite yo swiv, yo deside entegre estrikti sa. Jèn sa yo ki inisye, te chwazi komin Senlwi Disid pou resevwa inisyasyon an.

Daprè sa responsab estrikti sila di, vodou a pa yon bagay mal menm si anpil moun itilize yon seri vye pratik pou fè mal. Tout jèn ki vle, kapab entegre pou wè ak swiv ansanm rityèl yo, ak swiv anpil fòmasyon pou yo wè tande ak sa yo pral viv la, se 2 bagay diferan.

Responsab Jenès Vodou yo pwofite tout moun nan 2è edisyon gwo Festi Kongo yap gen pou òganize 22 dawout kap vini la; nan aktivite sa yap genyen pou onore divès Ougan ak asosyasyon vodou nan depatman Sid la.

Share: