Lapolis nan Nòdwès prezante 2 jèn gason ki enplike nan zak kidnapping nan vil Pòdpè

156
0
Share:
TRiboLAND


07 – 16 – 2024

Pòdpè, Ayiti ______(TRiboLAND) Lapolis nan Nòdwès peyia prezante jounen madi 16 jiyè 2024 la, 2 jèn gason: Charlestin Ifolès ak Fleurimond Alex ki enplike nan zak kidnapping sou 2 elèv nan Lise Tertullien Guilbaud nan vil Pòdpè.

Daprè pòt pawòl PNH Nòdwès la, Joseph Leonel, 2 mesye sa yo gen plizyè zak sou do yo tankou sekestrasyon, anlèvman pou lajan, tantativ vyòl, vwa-d fè, pou-n site sa yo sèlman.

Lapolis nan depatman Nòdwès la kontinye ap travay pou mete an difikilte tout asasen kap teworize popilasyon an. Fòs lòd yo nan depatman an pa sispann mande kolaborasyon tout moun nan depatman an yon fason pou delivre bon jan sèvis.

Share: